# ViTViT Chofè — Aksepte djòb, fè lajan ou

> Aksepte djòb, fè lajan ou (iPhone/iPad app by Junior Ceranor Nelson.)

- Source: https://appshunter.io/ios/app/vitvit-chofe/id6792316150 (this page in markdown: same URL + `.md`)
- Developer: [Junior Ceranor Nelson](https://appshunter.io/developer/1202934592)
- Category: Business
- Price: Free
- Age rating: 4+
- Requires: iOS 15.1 · 45 MB
- Languages: American English, French (France), Haitian Creole
- Released: 2026-08-31
- Data updated: 2026-09-07
- User reviews in markdown: https://appshunter.io/ios/app/vitvit-chofe/id6792316150/reviews.md

## What is ViTViT Chofè?

ViTViT Chofè se aplikasyon pou chofè ki vle fè lajan ak ViTViT nan peyi Ayiti. Aksepte kous ak livrezon toupre ou, swiv sa w ap fè, epi jere jounen travay ou — tout an Kreyòl.

TRAVAY LÈ OU VLE
• Peze "Antre an sèvis" pou kòmanse; peze pou soti lè ou fini.
• Ou wè djòb ki toupre ou epi ou deside aksepte oswa refize.

DJÒB YO
• Kat djòb la montre kote pou pran ak kote pou ale.
• Ou ka pwopoze yon lòt pri yon sèl fwa; kliyan an wè l epi li reponn.
• Gide pou rive kote kliyan an ak navigasyon.

REVNI OU KLÈ
• Wè sa ou fè chak jou ak chak semèn.
• Rezime fen jounen: konbyen kous, konbyen ou fè, kòmisyon, epi sa ki rete pou ou.
• Swiv sa ou dwe an kòmisyon nan yon sèl kote.

LIVREZON AN SEKIRITE
• Pou manje ak koli, ou pran yon Bwat ki sele — ou pa bezwen wè kòd la.
• Kliyan an louvri sak la ak pwòp kòd sekrè pa li lè li rive.

SEKIRITE AK KONFYANS
• Apèl ak mesaj ak kliyan yo pase pa yon nimewo pwoteje.
• Ou pase yon verifikasyon anvan ou ka travay (lisans, CIN, NIF, asirans).

FÈT POU AYITI
• Mache sou koneksyon 2G,3G ak sou telefòn ki pa chè.
• Antre ak nimewo ou plis yon kòd PIN.
• Ou ka efase kont ou nenpòt lè dirèk nan app la.

Nòt: pandan ou nan sèvis, ViTViT itilize pozisyon ou menm lè ekran an fèmen, pou kliyan an ka wè kote ou ye epi pou ou resevwa djòb toupre. Lè ou soti nan sèvis, nou pa swiv pozisyon ou ankò.

Nap grandi sou tout peyi a.


## Version history (last 1 release)

### 1.0 — 2026-08-31

No release notes.

## More apps by Junior Ceranor Nelson

- [Makandal](https://appshunter.io/ios/app/makandal/id1202934593)
- [ViTViT](https://appshunter.io/ios/app/vitvit/id6792316037)

All apps by Junior Ceranor Nelson: https://appshunter.io/developer/1202934592

---

*Data collected daily from the US App Store and indexed by [AppsHunter](https://appshunter.io/). User reviews are verbatim App Store reviews. Ratings, prices and chart positions refresh continuously; this snapshot is from 2026-09-07.*
